Pular para o conteúdo
Publicidade

Atos 2

14 Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk 2:14 Trav 1:26onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: "Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen. 15 Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a 2:15 I Tes 5:7paske se sèlman twazyèm è nan jounen an. 16 Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:

17 2:17 Jl 2:28-32 Epi li va fèt nan dènye jou yo, Bondye di:

Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.

Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

Jenn nonm nou yo va vizyon yo,

e granmoun nou yo va rèv.

18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,

nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,

e yo va pwofetize.

19 Mwen va parèt mèvèy anwo nan syèl la,

ak sign anba sou latè;

san avèk dife, avèk vapè lafimen.

20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san,

avan gran jou mèvèy Senyè a vini.

21 E li va rive ke 2:21 Wo 10:13tout moun

ki rele Non Senyè a va sove.

22 "Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: 2:22 Trav 3:6Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak 2:23 Luc 22:22avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men 2:24 Mat 28:5,6Bondye te L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.

25 Paske David te di sou Li:

2:25 Sòm 16:8-11 Mwen te toujou Senyè a devan fas mwen an;

paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle".

26 Donk, m te kontan, e lang mwen te bay lwanj.

Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,

27 paske 2:27 Trav 2:31Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou yo,

ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.

28 Ou m konnen chemen lavi yo;

Ou va ranpli m ak kontan avèk Prezans Ou.

29 "Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te 2:29 I Wa 2:10antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a. 30 Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke 2:30 Sòm 132:11Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou youn nan desandan li yo chita sou twòn li an, 31 li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la 2:31 Mat 11:23ke Li pa t ni abandone nan sejou yo, ni kite chè L dekonpoze.32 Jésus sila 2:32 Trav 2:24Bondye te leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.

33 "Konsa, akoz Li te leve wo rive kote 2:33 Trav 5:31men dwat Bondye, e 2:33 Trav 1:4te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te vide sa ke nou , ak tande a.

34 "Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di:

2:34 Sòm 110:1 SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita dwat Mwen

35 Jiskaske M lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.

36 "Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye Li ni 2:36 Luc 2:11Senyè, ni 2:36 Trav 2:23Kris la Jésus sila a ke nou te krisifye a."

37 Alò, yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: "Frè yo 2:37 Luc 3:10,14,15kisa pou nou ta ?"

38 Pierre te di yo: 2:38 Mc 1:15"Repanti e ke chak en de nou vin 2:38 Trav 8:12,16batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm."

40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: "Sove nou de 2:40 Det 32:5jenerasyon moun mechan sila a!"

41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil 2:41 Trav 3:23nanm.

Veja também