41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil 2:41 Trav 3:23nanm. 42 Yo te 2:42 Trav 1:14toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, 2:42 Luc 24:30nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil 2:43 Trav 2:22mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e 2:44 Trav 4:32,37te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te 2:45 Mat 19:21vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 2:46 Trav 5:42De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te 2:47 Trav 5:14gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te 2:47 Trav 2:41ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.