Pular para o conteúdo
Publicidade

Travay 3

1 Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè 3:1 Sòm 55:17nevyèm è, lè lapriyè.

2 Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo 3:2 Luc 16:20te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. 3 Lè l te wè 3:3 Luc 22:8Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.

4 Pierre te 3:4 Trav 10:4fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: "Gade nou!"

5 Konsa, li te kòmanse koute yo, anatandan pou yo bay li yon kichòy.

6 Men Pierre te di: "Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. 3:6 Trav 2:22Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!" 7 Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.

8 Konsa 3:8 Trav 14:10li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.

9  3:9 Trav 4:16 Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. 10 Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan 3:10 Jn 9:8nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.

11 Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan 3:11 Jn 10:23pòtay yo rele Salomon an.

12 Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: "Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?

13 "Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a 3:13 Trav 3:26sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a lè li menm te byen deside pou lage L.

14 "Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te 3:14 Mat 27:20mande yo livre bannou yon asasen, 15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke 3:15 Trav 2:24Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te 3:15 Luc 24:48temwen.

16 "Konsa, sou baz 3:16 Trav 3:6lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.

17 "E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji 3:17 Jn 15:21nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi. 18 Men bagay ke 3:18 Trav 2:23Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, 3:18 Trav 17:3ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.

19 "Donk 3:19 Trav 2:38repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan 3:21 Mat 17:11restorasyon tout bagay ke 3:21 Luc 1:70Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.

22 "Moïse te di: 3:22 Det 18:15,18‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. 23 3:23 Det 18:19E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila 3:23 Lev 23:29va detwi nèt pami pèp la.’

24 "Epi menm jan an 3:24 Luc 24:27tout pwofèt ki pale, depi ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.

25 "Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di : 3:25 Jen 22:18‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.

26 " Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo."

Pessoa
G4091
Pilatos
ΠιλᾶτοςPila͂tos
Pilatos, governador romano da Judeia, interrogou Jesus e não achou culpa nele, mas, pressionado pela multidão, soltou Barrabás e o entregou para ser crucificado (Mateus 27:24).
Citado em 53 versículos
Ver página completa
Pessoa
Tribo de Levi
Samuel
ΣαμουηλSamouēlשְׁמוּאֵלshəmuel
Samuel, filho de Elcana e Ana, foi consagrado pela mãe ao serviço do Senhor em Siló, julgou Israel como profeta e ungiu Saul e Davi como reis (1 Samuel 3:20).
Significado: “Ouvido por Deus / Seu nome é Deus”
Ver página completa
Pessoa
H85
Abraão
ΑβρααμAbraamאַבְרָהָ֔םavəraham
Abraão, chamado por Deus, deixou a sua terra rumo a Canaã, recebeu a promessa de ser pai de muitas nações e foi pai de Isaque, o filho da promessa (Gênesis 12:1).
Significado: “Pai de uma multidão”
Ver página completa
Todos os capítulos de Travay 28
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.