Pular para o conteúdo
Publicidade

Travay 8

1  te fin dakò nèt ak lanmò li.

Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon avèk Samarie yo. 2 Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.

3 Men 8:3 Trav 9:1,13,21 te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.

4 Konsa 8:4 Trav 8:1sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.

5  8:5 Trav 6 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.

6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te 8:7 Mat 4:24paralize e bwate te geri. 8 Donk, te gen 8:8 Jn 4:40-42anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.

9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike 8:9 Trav 8:11maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.

10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: 8:10 Trav 14:11"Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a." 11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk 8:11 Trav 8:9metye maji sila a.

12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap 8:12 Trav 1:3preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil 8:13 Trav 8:6sign ak 8:13 Trav 19:11mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.

14 Alò, lè 8:14 Trav 8:1apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye 8:14 Luc 22:8Pierre avèk Jean bay yo. 15 Lè yo te vin desann, yo te priye 8:15 Trav 2:38pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16 Paske Li 8:16 Mat 28:19potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17 Alò, yo te 8:17 Trav 6:6mete men sou yo, epi yo te 8:17 Trav 2:4resevwa Lespri Sen an.

18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19 Li te di: "Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an."

20 Men Pierre te di li: "Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab 8:20 II Wa 5:16vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21 Ou pa gen 8:21 Det 10:9ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, 8:22 És 55:7si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e 8:23 És 58:6mare nan inikite."

24 Men Simon te reponn e te di: 8:24 Jen 20:7"Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m."

25 Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale 8:25 Trav 13:12pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te 8:25 Trav 8:40preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.

26 Men 8:26 Trav 5:19yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: "Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè a." (Sa se yon wout nan dezè.)

27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, 8:27 Sòm 68:31te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e 8:27 I Wa 8:41te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.

29 Alò 8:29 Trav 8:39Lespri a te di Philippe: "Ale jwenn cha sila a".

30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: "Èske ou konprann sa w ap li a?"

31 Li te reponn: "Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?" Li te envite Philippe monte chita avè l.

32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:

8:32 És 53:7 "Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.

Kon yon jenn mouton an silans

devan sa k ap taye lenn sou do l,

li pa t louvri bouch li.

33  8:33 És 53:8 Nan imilyasyon, jistis li te rachte.

Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?

Paske vi Li retire sou tè a."

34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: "Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?"

35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te 8:35 Luc 24:27kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.

36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: 8:36 Trav 10:47"Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize." 37 Philippe te reponn: "Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab." Li te reponn e te di: "Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a." 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.

39 Lè yo te sòti nan dlo a, 8:39 I Wa 18:12Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.

40 Men Philippe te twouve li menm nan 8:40 Jos 11:22. Pandan li t ap travèse, li te 8:40 Trav 8:25kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

Pessoa
G3972
Paulo
ΠαῦλοςPau͂los
Paulo, também chamado Saulo, foi apóstolo de Cristo Jesus e, com Barnabé, voltou-se para os gentios. Antes, devastava a igreja e lançava homens e mulheres na prisão, até ouvir uma voz e ser levado sem enxergar até Damasco (Atos 13:46).
Significado: “Pequeno, humilde”
Ver página completa
Lugar Bíblico
Região / Território
Judeia
Hoje: Judeia (Sul de Israel)
ἸουδαίαIoudaiaיְהוּדָהyehudah
Judeia é a terra onde fica Belém, cidade em que Jesus nasceu no tempo do rei Herodes. Pôncio Pilatos era governador da Judeia, e ali os judeus procuravam matar Jesus (Mateus 2:1).
31,78° N, 35,23° L
Citado em 52 versículosTb.: Judéia
Ver página completa
Pessoa
G3972
Paulo
ΠαῦλοςPau͂los
Paulo, também chamado Saulo, foi apóstolo de Cristo Jesus e, com Barnabé, voltou-se para os gentios. Antes, devastava a igreja e lançava homens e mulheres na prisão, até ouvir uma voz e ser levado sem enxergar até Damasco (Atos 13:46).
Significado: “Pequeno, humilde”
Ver página completa
Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Gaza
Hoje: Gaza
ΓάζαGazaעַזָּהazzah
Gaza foi uma cidade dos filisteus, onde o povo cercou Sansão e ficou à espera dele a noite toda, à porta da cidade, para matá-lo ao amanhecer (Juízes 16:2).
31,50° N, 34,46° L
Citado em 22 versículos
Ver página completa
Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Asdode
Hoje: Asdode (Ashdod), Israel
ἌζωτοςAzōtosאַשְׁדּוֹדashdod
Asdode foi uma das cidades dos cinco governantes filisteus; ali Dagom foi achado caído diante da arca do Senhor, e a mão do Senhor pesou sobre o povo, afligido com tumores (1 Samuel 5:6).
31,76° N, 34,66° L
Citado em 21 versículos
Ver página completa
Todos os capítulos de Travay 28
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.