36 Alò, nan 9:36 Jos 19:46Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. 37 Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. 38 Lydde te toupre Joppé, e 9:38 Trav 11:26disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: "Pa fè reta! Vin kote nou"!
39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan 9:39 Trav 1:13chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.