15 Li se imaj a Bondye envizib la 1:15 Wo 8:29premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—1:16 Jn 1:3tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li 1:17 Jn 1:1avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a 1:18 Ef 1:23kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi 1:19 Ef 1:5Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou 1:20 II Kor 5:18rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa 1:20 Ef 2:13san lakwa Li a.
Publicidade