12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon 3:12 Gal 5:22kè konpasyon, tandrès 3:12 Ef 4:2imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e 3:13 Ef 4:32padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete 3:14 Jn 17:23inite a. 15 Kite 3:15 Jn 14:27lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan 3:15 Ef 2:16yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.