Pular para o conteúdo
Publicidade

Daniel 1

1 Nan twazyèm ane a règn 1:1 II Wa 24:1Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te syèj sou li. 2 Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan 1:2 II Kwo 36:7veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.

3 Alò, wa a te pase lòd a Aschpenaz, chèf sou ofisye pa l yo, pou mennen kèk nan fis Israël yo, ansanm ak kèk nan 1:3 II Wa 24:15fanmi wayal la ak kèk nan prens yo: 4 jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo. 5 Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te lòd pou yo ta kapab enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a.

6 Alò, pami yo, soti nan fis a Juda yo, se te 1:6 Éz 14:14-20Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria.

Veja também