Publicidade

Efésios 3

1 Pou rezon sa a, mwen, Paul 3:1 Trav 23:18prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo, 2 si vrèman nou te tande de 3:2 Ef 1:10jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an, 3 ke 3:3 Gal 1:12pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a. 4 Pa referans a sa, nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan 3:4 Wo 11:25mistè a Kris la, 5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a 3:5 I Kor 12:28sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. 6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.3:6 Gal 3:29 7 3:7 I Kor 1:23,25Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout 3:8 Wo 2:4richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou tout moun , sa ki se jerans a 3:9 Wo 16:25mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab 3:10 I Pi 1:12vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout 3:10 Ef 6:12pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 3:11 Ef 1:11Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12 Nan 3:12 Ef 2:18Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. 13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pase3:13 Ef 3:1pou nou yo, paske yo se glwa nou.

14 Pou rezon sila a, mwen 3:14 Fil 2:10koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo 3:18 Job 11:8sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen 3:19 Wo 8:35,39lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

20 Koulye a, a Li menm ki 3:20 II Kor 9:8kapab bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 3:21 Wo 11:36a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_12-11-46-