Pular para o conteúdo
Publicidade

Efezyen Yo 4:1-12

1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou 4:1 Ef 2:10mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout 4:2 Kol 3:12imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève 4:3 Kol 3:14linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 4:4 I Kor 12:4; Ef 1:18Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 4:5 I Kor 8:6yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa 4:6 Wo 11:36tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay. 7 Men a nou chak, gras te vin bay 4:7 Wo 12:3selon mezi don a Kris la.

8 Konsa sa ekri:

4:8 Sòm 68:18 "Lè Li te monte anlè,

Li te mennen kon kaptif,

kaptivite a menm,

e Li te bay don a lèzòm."

9 Alò, fraz sila a, 4:9 Jn 3:13"Li te monte", kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a? 10 Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte 4:10 Eb 7:6bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab 4:10 Ef 1:23akonpli tout bagay.

11 Konsa, Li te bay 4:11 Trav 13:1kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 4:12 II Kwo 13:9pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.