Pular para o conteúdo
Publicidade

Ester 9

20 Epi Mardochée te yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo, 21 pou yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar a avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane, 22 paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te 9:22 Sòm 30:11vin vire an kontan e kite rele anmwey la pou rive yon jou fèt; ke yo ta dwe yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou 9:22 Né 8:12voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo. 23 Konsa, Jwif yo te acheve sa ke yo te kòmanse a e menm sa ke Mardochée te ekri yo. 24 Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e 9:24 Est 3:7te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo. 25 Men li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt 9:25 Est 3:6-15ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.

26 Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi 9:26 Est 9:20akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te konsa ak sa ki te rive yo, 27 9:27 Est 9:20-21Jwif yo te etabli e te kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane. 28 Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou sila yo a Purim pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.

29 Epi rèn Esther, 9:29 Est 2:15fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim. 30 Li te voye lèt yo a tout Jwif 9:30 Est 1:1nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite, 31 pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon 9:31 Est 4:3pou tan jèn avèk lamantasyon yo. 32 Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou 9:32 Est 9:26Purim, e sa te ekri nan liv la.

Veja também