11 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: 12 "Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, 16:12 Egz 6:7 nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’"
13 Alò, li vin rive nan aswè ke 16:13 Sòm 78:27-29 zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten an te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an. 14 16:14 Nonb 11:7-9 Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a. 15 Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: "Kisa sa ye?" Paske yo pa t konnen kisa sa li te ye.
Epi Moïse te di yo: 16:15 Jn 6:31 "Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje.