12 20:12 Lev 19:3 Onore papa ou avèk manman ou, pou 20:12 Jr 35:7jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
13 20:13 Luc 18:20 Ou pa pou touye moun. 14 20:14 Lev 20:10 Ou pa pou fè adiltè.
15 20:15 Egz 21:16 Ou pa pou vòlè.
16 20:16 Det 5:20 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; 20:17 Pwov 6:29 ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.