18 20:18 Egz 19:16,18 Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. 19 20:19 Gal 3:19 Konsa, yo te di Moïse: "Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri."
20 Moïse te di a pèp la: "Pa pè, paske Bondye vini 20:20 Det 13:3pou pase nou a leprèv, e pou 20:20 És 8:13lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche."
21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche 20:21 Egz 19:16 gwo nwaj la kote Bondye.
22 Alò SENYÈ a te di a Moïse: "Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke 20:22 Det 4:36 Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la. 23 Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; 20:23 Egz 32:1,2,4 dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.
24 "‘Nou va fè yon 20:24 Egz 20:25 lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
25 "‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò. 26 Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou 20:26 Egz 28:42,43 nidite nou pa parèt a li.’"