1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 "Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, 31:2 I Kwo 2:20 fis Uri a, nan tribi Juda. 3 Mwen te 31:3 I Wa 7:14 ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.