Publicidade

Êxodo 32

1 Alò, pèp la te ke Moïse te reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble Aaron e yo te di li: "Vini, pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li."

2 Aaron te di yo: "Chire retire zanno ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen." 3 Epi tout pèp la te chire zanno ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron. 4 Li te pran yo nan men yo; li te desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou yon jèn towo. Konsa yo te di: "Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la."

5 Alò, Aaron te sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te yon pwoklamasyon e te di: "Demen va yon fèt pou SENYÈ a." 6 Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.

7 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: "Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi. 8 Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo sakrifis bay li, e yo di: Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!"

9 SENYÈ a te di a Moïse: "Mwen pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di. 10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va nan ou menm yon gran nasyon."

11 Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: "O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? 12 Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: Avèk mechanste Li te yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas a?"

"Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou pèp Ou mal la. 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan."

14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap a pèp Li a.

15 Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; tablèt ki te ekri nan toude fas yo. 16 Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye. Ekriti la se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo. 17 Alò, Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele , li te di Moïse: "Gen son lagè nan kan an".

18 Men li te di yo: "Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande." 19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan. 20 Li te pran jèn towo ke yo te a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fis Israël yo bwè li.

21 Moïse te di a Aaron: "Kisa pèp sa te ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?"

22 Aaron te di: "Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, ke yo toujou panche lemal. 23 Paske yo te di mwen: yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li." 24 "Mwen te di yo: Nenpòt moun ki gen nenpòt , ke yo chire retire li.Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt."

25 Alò, Moïse te ke pèp la te pèdi kontwòl nètpaske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: "Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!" Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.

27 Li te di yo: "Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou."

28 Konsa, fis a Levi yo te sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.

29 Alò Moïse te di: "Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ apaske chak moun te kont fis li, e kont frè lipou Li kapab beni nou jodi a."

30 Nan jou pwochen a, Moïse te di a pèp la: "Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo."

31 Alò, Moïse te retounen Bondye, e te di: "Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan yon dye an pou yo menm. 32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yoe si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!"

33 SENYÈ a te di a Moïse: "Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, Mwen va efase li nan liv Mwen an. 34 Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a."

35 Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te avèk jèn towo ke Aaron te a.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-