Publicidade

Gálatas 2

1 Answit, apre yon espas katòz ane mwen 2:1 Trav 15:2te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi. 2 Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen 2:2 I Kor 9:24ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven. 3 Men pa menm 2:3 II Kor 2:13Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi. 4 Men se te akoz de 2:4 Trav 15:1,24fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj. 5 Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou 2:5 Gal 1:6verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout. 6 Men de sila ki te gen gwo repitasyon yosa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; 2:6 Trav 10:34Bondye pa nan patipribyen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen. 7 Men okontrè, yo te ke levanjil la te konfye a mwen menm 2:7 Trav 9:15pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo. 8 Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm 2:8 Trav 1:25apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo. 9 Konsa, ak rekonesans 2:9 Wo 12:3gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo. 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo 2:10 Trav 24:17bagay ke mwen te vrèman vle .

11 Men 2:11 Gal 1:18Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn 2:12 Trav 11:3manje avèk pèp etranje yo. Men yo te vini, li te kòmanse bak pou rete a leka, akoz 2:12 Trav 11:2lakrent pati sikonsizyon an. 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm 2:13 Trav 4:36Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. 14 Men mwen te ke yo pa t mache dwat selon 2:14 Gal 2:5verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: "Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?

15 Nou menm ki se 2:15 Fil 3:4Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, 16 sepandan, nou konnen ke 2:16 Trav 13:39yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. 17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm 2:17 Gal 2:15pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen 2:18 Wo 3:5pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a 2:19 Wo 6:2mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te 2:20 Wo 6:6krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske 2:21 Gal 3:21si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_23-13-58-