Publicidade

Gálatas 3

1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te 3:1 I Kor 1:23piblikman prezante kòm krisifye a? 2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa 3:2 Wo 10:17tande avèk lafwa? 3 Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè? 4 Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven3:4 I Kor 15:2si vrèman se te anven? 5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te zèv mirak pami nou yo, te li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa 3:5 Wo 10:17tande ak lafwa. 6 Malgre sa 3:6 Jen 15:6"Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati." 7 Konsa, se pou nou asire ke 3:7 Wo 4:16se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham. 8 Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: 3:8 Jen 12:3"Tout nasyon yo va beni nan ou". 9 Alò 3:9 Gal 3:7sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an.

10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: 3:10 Det 27:26"Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou yo." 11 Alò, li klè ke 3:11 Gal 2:16pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske 3:11 Hab 2:4"Moun jis la va viv pa lafwa". 12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: 3:12 Lev 18:5"Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm."

13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou noupaske sa ekri: 3:13 Det 21:23"Modi se tout moun ki pann sou yon bwa." 14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou 3:14 Gal 3:2ta kapab resevwa 3:14 Trav 2:33pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.

15 Frè m yo 3:15 Wo 3:5mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann. 16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, "a posterite ou yo", kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: 3:16 Trav 3:25"E a posterite ou", sa se Kris. 17 Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini 3:17 Jen 15:13kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la. 18 Paske 3:18 Wo 4:14si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.

19 3:19 Wo 5:20 Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la. 20 Alò 3:20 I Tim 2:5yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl.

21 Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. 3:21 Luc 20:16Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa. 22 Men Lekriti sen an 3:22 Wo 11:32anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.

23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, sans akse a lafwa ki t ap vin revele pita. 24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, 3:24 Gal 2:16pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. 25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba 3:25 I Kor 4:15yon pwofesè lekòl ankò. 26 Paske nou tout se 3:26 Wo 8:14fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te 3:27 Wo 13:14abiye tèt nou avèk Kris. 28 3:28 Wo 3:22Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon 3:29 Wo 9:8pwomès la.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-