1 5:1 Jn 8:32,36 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa 5:2 Trav 15:1sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou 5:3 Wo 2:25kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou 5:4 Eb 12:15tonbe kite lagras. 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap 5:5 Wo 8:23tann esperans ladwati a. 6 Paske nan Kris Jésus 5:6 I Kor 7:19ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.