1 Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa 10:1 Wo 8:3janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo 10:1 Eb 7:19 fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. 2 Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap 10:2 I Pi 2:19vin sanse pechè ankò?
3 Men 10:3 Eb 9:7nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. 4 Paske se enposib pou 10:4 Eb 9:12san towo ak kabrit efase peche.