3 Men 10:3 Eb 9:7nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. 4 Paske se enposib pou 10:4 Eb 9:12san towo ak kabrit efase peche.
5 Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di:
10:5 Sòm 40:6 "Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,
men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
6 10:6 Sòm 40:6 Nan tout ofrann ki brile
ak sakrifis pou peche,
Ou pa t pran plezi.
7 10:7 Sòm 40:7,8 Answit, Mwen te di:
‘Gade, Mwen gen tan vini
(nan woulo liv la li ekri de Mwen)
"pou fè volonte Ou, o Bondye.’"
8 Lè L te fin di tout sa a: 10:8 Sòm 40:6"Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo" (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
9 Answit, Li te di: 10:9 Sòm 40:7,8"Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou."
Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. 10 Pa volonte sila a, nou 10:10 Jn 17:19vin sanktifye pa 10:10 Ef 5:2ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.