5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
12:5 Job 5:17 "Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 12:6 Pwov 3:12 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa."
7 Se pou disiplin ke nou andire. 12:7 Det 8:5Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin 12:8 I Pi 5:9kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a 12:9 Nonb 16:22Papa a tout lespri yo, e 12:9 És 38:16viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou 12:10 II Pi 1:4pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay 12:11 És 32:17fwi lapè ladwati a.