Publicidade

Hebreus 12

5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

"Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

ni vin febli nou korije pa Li;

6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

e Li fwete tout fis ke L resevwa."

7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.

9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv?

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-