Pular para o conteúdo
Publicidade

Hebreus 8

6 Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi 8:6 I Tim 2:5medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.

7 Paske 8:7 Eb 7:11si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm. 8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:

8:8 Jr 31:31 "Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,

Mwen va yon akò tounèf avèk kay Israël la

e avèk kay Juda a;

9 8:9 Egz 19:5 Pa tankou akò ke Mwen te avèk zansèt pa yo

nan jou ke M te pran yo nan men

pou mennen yo sòti an Égypte la;

paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an

e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.

10 8:10 Jr 31:33 Paske sa se akò ke Mwen va avèk kay Israël la

apre jou sa yo, di Senyè a:

Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,

e Mwen va ekri yo nan yo.

Mwen va Bondye yo,

e yo va pèp Mwen.

11 8:11 Jr 31:34 Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo

ak chak frè a yo, pou di: Vin konnen Bondye,

paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan

pi piti jiska pi gran nan yo.

12 8:12 És 43:25 Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo

e Mwen p ap sonje peche yo ankò.

13 L te di: 8:13 Luc 22:20"Yon akò tounèf", Li premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.

Veja também