Publicidade

Hebreus 9

1 Alò, menm premye akò a te gen 9:1 Eb 9:10règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. 2 Paske te gen 9:2 Egz 25:8,9yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.

3 Andedan 9:3 Egz 26:31-33dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo. 4 Li gen yon 9:4 Egz 30:1-5lotèl an pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk . Ladann te gen yon vaz an ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. 5 Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.9:5 Egz 25:17,20

6 Alò, bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap 9:6 Nonb 18:2-6toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou adorasyon Bondye, 7 men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote 9:7 Lev 16:11,14san, ke li ofri pou tèt li a ak pou 9:7 Nonb 15:25peche ke pèp la te nan inyorans yo.

8 Lespri Sen an ap nou konnen sa a; 9:8 Jn 14:6ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe. 9 Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a 9:9 Eb 5:1ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab adoratè a vin pafè nan konsyans li, 10 paske yo lye sèlman ak 9:10 Lev 11:2manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman ki enpoze jis pou 9:10 Eb 7:12tout bagay vin nèf.

11 Men Kris te parèt tankou 9:11 Eb 2:17wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men 9:12 Eb 9:14nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

13 Paske si 9:13 Lev 16:15san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke 9:14 Eb 9:12san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

15 Pou rezon sila a, Li se 9:15 I Tim 2:5medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.

16 Paske kote denyè testaman akò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te l la. 17 Paske yon denyè testaman akò valab sèlman moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te l la toujou vivan.

18 Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. 19 Paske tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa 9:19 Egz 24:6li te pran san a towo ak kabrit 9:19 Lev 14:4-7avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. 20 E konsa li te di: 9:20 Egz 24:8"Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an."

21 Menm jan an, li te 9:21 Egz 24:6flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an. 22 Epi selon Lalwa, se 9:22 Lev 5:11prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.

23 Konsa, li te nesesè pou kopi 9:23 Eb 8:5a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.

24 Paske Kris 9:24 Eb 4:14pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm 9:25 Eb 9:7wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a 9:26 Eb 7:27pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.

27 Epi konsa, jan 9:27 Jen 3:19sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa 9:27 II Kor 5:10jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou 9:28 És 53:12pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-