17 Menmsi 3:17 Jl 1:10-12pye fig la pa ta fleri,
ni pa gen fwi sou branch rezen yo,
menmsi donn oliv la vin sispann,
e chan yo pa pwodwi manje,
menmsi bann mouton an ta koupe
separe de pak la,
e pa gen bèf nan pak la,
18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a.
Mwen va rejwi nan 3:18 Sòm 25:5Bondye, sali mwen.
Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
19 Senyè BONDYE mwen an se 3:19 Sòm 18:32,33fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.