1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 1:1 Jn 17:5 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 1:3 Jn 1:10Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 1:4 Jn 5:26Nan Li se te lavi, epi lavi se te 1:4 Jn 8:12limyè a lòm. 5 1:5 Jn 3:19Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
6 Te 1:6 Mat 3:1vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, 1:7 Jn 1:12pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8 Se pa 1:8 Jn 1:20li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
9 Te gen 1:9 I Jn 2:8vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e 1:10 I Kor 8:6lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni 1:12 Jn 11:52pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 1:13 Jn 3:5ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
14 E pawòl la te 1:14 Fil 2:7vin lachè, e te viv pami nou. 1:14 Luc 9:32Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: "Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: 1:15 Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’" 16 Paske nan 1:16 Ef 1:23plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske 1:17 Jn 7:19Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men 1:18 Jn 3:16,18Fis inik la, 1:18 Luc 16:22ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.