Pular para o conteúdo
Publicidade

João 11

1 Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak li 11:1 Luc 10:38Marthe te rete a.

2 Se te Lazare, Marie ki te 11:2 Luc 7:38onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. 3 Konsa, yo te voye kote Li pou di L: "Senyè, 11:3 Jn 11:5-36sila ke ou renmen an malad."

4 Men Jésus te tande sa, Li te di: "Maladi sa a se pa a lanmò, 11:4 Jn 9:3men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li." 5 Konsa, Jésus te renmen 11:5 Jn 11:1Marthe ak li, ak Lazare. 6 Pou sa, L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a. 7 Apre sa, Li te di a disip Li yo: 11:7 Jn 10:40"Annou ale nan Judée ankò."

8 Disip Li yo te di Li: "Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap 11:8 Jn 8:59eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?"

9 Jésus te reponn yo: 11:9 Luc 13:33"Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen a li p ap chape tonbe, paske li limyè a mond sila a. 10 Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li."

11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: "Zanmi nou Lazare 11:11 Mat 27:52gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka l leve nan dòmi."

12 Konsa, disip Li yo te di L: "Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè." 13 Alò 11:13 Mat 9:24Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vrè dòmi.

14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè: "Lazare gen tan mouri, 15 e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l."

16 Pou sa, Thomas, ke yo rele osi 11:16 Jn 20:24Didyme, te di disip parèy li yo: "Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L."

17 Konsa, Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou. 18 11:18 Jn 11:1Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.

19 Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie 11:19 Job 2:11pou konsole yo konsènan frè yo.

20 Pou sa, 11:20 Luc 10:38-42Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.

21 Konsa, Marthe te di a Jésus: "Senyè, 11:21 Jn 11:32-37si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri. 22 Menm koulye a, mwen konnen ke 11:22 Jn 9:31nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li."

23 Jésus te di li: "Frè ou ap leve ankò."

24 Marthe te reponn Li: 11:24 Dan 12:2"Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a."

25 Jésus te reponn Li: 11:25 Jn 1:4"Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, 11:26 Jn 6:47-50,51p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?"

27 Li te di Li: "Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se 11:27 Mat 16:16Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan."

28 li te di sa, li te ale, e te rele Marie, li, e te di l apa: 11:28 Mat 26:18"Mèt la rive, e L ap mande pou ou." 29 E li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li. 30 Jésus poko te rive nan bouk la, men 11:30 Jn 11:20te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a. 31 11:31 Jn 11:19-33Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.

32 Konsa, Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: "Senyè, 11:32 Jn 11:21si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri."

33 Konsa, Jésus te l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li 11:33 Jn 11:38te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di: "Kibò nou mete Li?"

Yo te di Li: "Senyè, vin ."

35 Jésus te 11:35 Luc 19:41kriye.

36 E Jwif yo t ap di: "Gade kijan Li 11:36 Jn 11:3-5te renmen l." 37 Men kèk nan yo te di: "Èske nonm sila a 11:37 Jn 9:7ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?"

38 Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin kote tonm nan. Se te yon 11:38 Mat 27:60kav e yon wòch te apiye sou Li.

39 Jésus te di: "Retire wòch la." Marthe, a te di Li: "Senyè, pou sa, li va santi. Li la depi kat jou."

40 Jésus te di li: 11:40 Jn 11:4"Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va glwa Bondye?"

41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus 11:41 Jn 17:1te leve zye Li e te di: 11:41 Mat 11:25"Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42 Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men 11:42 Jn 12:30akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen."

43 L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: "Lazare, sòti deyò." 44 E sila ki te mouri an te sòti 11:44 Jn 19:40byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e 11:44 Jn 20:7yon twal ki te vlope figi li.

Jésus te di yo: "Demare l epi lage l."

Veja também