Publicidade

João 13

1 Alò, avan 13:1 Jn 11:55Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale 13:1 Jn 13:3kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.

2 Pandan yo t ap soupe, 13:2 Jn 6:70dyab la te deja mete nan Judas, fis Simon an, pou trayi Li.

3 Jésus, 13:3 Jn 3:35byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke 13:3 Jn 8:42Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, 4 te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan Li. 5 Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse 13:5 Jen 18:4lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.

6 E konsa, L rive nan Simon Pierre, li te di Li: "Senyè, w ap lave pye mwen?"

7 Jésus te reponn e te di Li: "Sa ke M ap la a koulye a, ou p ap konprann, men 13:7 Jn 13:12pita, ou va konprann."

8 Pierre te di Li: "Ou p ap janm lave pye mwen!" Jésus te reponn li: 13:8 Sòm 51:2,7"Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen."

9 Simon Pierre te di Li: "Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen."

10 Jésus te di li: "Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. 13:10 Jn 15:3Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou." 11 Paske 13:11 Jn 6:64Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: "Se pa tout nan nou ki pwòp."

12 Konsa, Li te lave pye yo, e te 13:12 Jn 13:4reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: "Èske nou konnen kisa Mwen gen tan nou la a? 13 Nou rele M Mèt, epi 13:13 Jn 11:2Senyè, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, 13:14 Jn 11:2Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou 13:15 I Pi 5:3yon egzanp ke nou menm osi dwe tankou Mwen te pou nou.

16 "Anverite, anverite, Mwen di nou, yon 13:16 Mat 10:24 esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou 13:17 Mat 7:24beni si nou yo.

18 "Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. 13:18 Sòm 41:9 Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.

19 "Depi koulye a, 13:19 Jn 14:29M ap di nou avan li rive, pou li rive, nou kapab kwè ke 13:19 Jn 8:24Mwen menm se Li.

20 "Anverite, anverite, Mwen di nou, 13:20 Mat 10:40sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an."

21 Jésus te fin di sa, Li te 13:21 Jn 11:33vin twouble nan lespri L, e te temwayaj e te di: "Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M."

22 Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, 13:22 Mat 26:21san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.

23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.13:23 Jn 19:26 24 Konsa, Simon Pierre te l siyal, e te di li: "Di nou kilès nan nou ke L ap pale a." 25 Sila ki t ap 13:25 Jn 21:20apiye sou pwatrin Jésus e te di Li: "Senyè, kilès li ye?"

26 Pou sa, Jésus te reponn: "Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a." L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, 13:26 Jn 6:71fis a Simon Iscariot.

27 Epi apre mòso a, Satan 13:27 Luc 22:3te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: "Sa w ap a, vit."

28 Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa. 29 Kèk te sipoze ke se te akoz Judas 13:29 Jn 12:6te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: "Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la," oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.

30 Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E 13:30 Luc 22:53li te lannwit.

31 Konsa, l gen tan ale, Jésus te di: "Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi 13:31 Jn 14:13Bondye resevwa glwa nan Li. 32 Si Bondye resevwa glwa nan Li, 13:32 Jn 17:1Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm."

33 "Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou 13:33 Jn 7:33yon ti tan anplis. 13:33 Jn 7:34Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.

34 "Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. 13:34 Lev 19:18 Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 13:35 I Jn 3:14Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lamou youn pou lòt."

36 Simon Pierre te di Li: "Senyè, kibò W ap prale?" Jésus te reponn li: 13:36 Jn 13:33"Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen."

37 Pierre te di Li: "Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? 13:37 Mat 26:33-35Mwen va bay vi m pou Ou."

38 Jésus te di: "Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, 13:38 Mc 14:30avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-