3 Jésus te reponn e te di: "Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun 3:3 II Kor 5:7 ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la."
4 Nicodème te di Li: "Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?"
5 Jésus te reponn li "Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6 3:6 Jn 1:13Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. 7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ 8 3:8 Sòm 135:7Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri."