Pular para o conteúdo
Publicidade

João 4

1 Pou sa, 4:1 Luc 7:13Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean 2 (men 4:2 Jn 3:22-26Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap l), 3 li te kite 4:3 Jn 3:22Judée epi te pati 4:3 Jn 2:11ankò pou Galilée. 4 Konsa, Li te oblije pase nan 4:4 Luc 9:52Samarie.

5 Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre 4:5 Jen 33:19moso ke Jacob te bay a Joseph, fis li. 6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm .

7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.

Jésus te di l: "Ban M bwè". 8 Paske 4:8 Jn 2:2disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.

9 Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: "Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè mwen menm se yon fanm Samariten?" (Paske 4:9 Esd 4:3-11Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)

10 Jésus te reponn e te di l: "Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou Ban M bwè a, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou 4:10 Jr 2:13dlo vivan an."

11 Li te di L: "Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve 4:11 Jr 2:13dlo vivan sila a? 12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te 4:12 Jn 4:6bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?"

13 Jésus te reponn e te di li: "Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò: 14 Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska 4:14 Mat 25:46lavi etènèl."

15 Fanm nan te di Li: "Mesye, 4:15 Jn 6:35ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l."

16 Li te di li: "Ale rele Mari ou, epi vin isit la."

17 Fanm nan te reponn Li e te di: "Mwen pa gen mari." Jésus te di li: "Ou pale byen: Mwen pa gen mari. 18 Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite."

19 Fanm nan te reponn Li: "Mesye mwen konsidere ke Ou menm se 4:19 Mat 21:11yon pwofèt. 20 Papa zansèt nou yo te adore nan 4:20 Det 11:29mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore."

21 Jésus te di li: "Fanm, kwè M, yon ap vini se pa 4:21 Mal 1:11ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske 4:22 És 2:3sali a sòti nan Jwif yo.

23 "Men 4:23 Jn 4:21 ap vini, e gen tan rive koulye a, vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L 4:24 Fil 3:3an espri e anverite."

25 Fanm nan te di L: "Mwen konnen ke 4:25 Dan 9:25Mesye, 4:25 Mat 1:16(sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. L vini, L ap deklare nou tout bagay."

26 Jésus te di li: 4:26 Jn 8:24-28"Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li."

27 Nan moman sa a, 4:27 Jn 4:8disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: "Kisa w ap chache" ni "Poukisa w ap pale avè L."

28 Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun: 29 "Vin yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen . 4:29 Mat 12:23Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?"

30 Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.

31 Antre tan, disip yo t ap di L: 4:31 Mat 23:7"Rabbi, manje."

32 Men Li te di yo: "Mwen gen manje ke nou pa konnen."

33 Pou sa 4:33 Luc 6:13-16disip yo t ap di a youn lòt: "Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?"

34 Jésus te di yo: "Manje M se pou volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou 4:34 Jn 5:36acheve travay Li a.

35 "Èske nou pa konn di: Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk 4:35 Mat 9:37-38rekòlt la.

36 "Deja sila a ki rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou 4:36 Mat 9:29 lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37 Paske nan sila a, pwovèb la vrè: 4:37 Job 31:8Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.

38 "Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo."

39 Anpil nan Samariten ki sòti nan 4:39 Jn 4:5-30vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj 4:39 Jn 4:29"Li te di mwen tout bagay ke mwen ". 40 Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.

41 Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li. 42 Yo t ap di a fanm nan: "Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se 4:42 Mat 1:21Sovè a mond lan."

43 Apre 4:43 Jn 4:40de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée. 44 Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke 4:44 Mat 13:57yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li. 45 Konsa, Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo 4:45 Jn 2:23te tout bagay ke Li te nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.

46 Li te vini ankò nan vil 4:46 Jn 2:1Cana nan Galilée, kote Li te dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47 Li te tande ke Jésus 4:47 Jn 4:3-54te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.

48 Pou sa, Jésus te di li: "Anmwenske nou 4:48 Dan 4:2sign ak mirak, nou p ap menm kwè."

49 Ofisye wayal la te di Li: "Mesye, vini avan pitit mwen an mouri."

50 Jésus te di li: 4:50 Mat 8:13 "Ou mèt ale. Pitit ou ap viv." Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.

51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.

52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: "Ayè sou setyèm lafyèv la te kite li."

53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm sa ke Jésus te di li: "Pitit ou a ap viv." E li menm te kwè, epi 4:53 Trav 11:14tout lakay li ansanm avèk li.

54 Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te Li te 4:54 Jn 4:45kite Judée pou L antre nan Galilée.

Veja também