46 Li te vini ankò nan vil 4:46 Jn 2:1Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47 Lè Li te tande ke Jésus 4:47 Jn 4:3-54te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
48 Pou sa, Jésus te di li: "Anmwenske nou wè 4:48 Dan 4:2sign ak mirak, nou p ap menm kwè."
49 Ofisye wayal la te di Li: "Mesye, vini avan pitit mwen an mouri."
50 Jésus te di li: 4:50 Mat 8:13 "Ou mèt ale. Pitit ou ap viv." Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: "Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li."
53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: "Pitit ou a ap viv." E li menm te kwè, epi 4:53 Trav 11:14tout lakay li ansanm avèk li.
54 Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te 4:54 Jn 4:45kite Judée pou L antre nan Galilée.