Pular para o conteúdo
Publicidade

João 5

1 Apre bagay sa yo, te gen 5:1 Det 16:1yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.

2 La nan Jérusalem toupre 5:2 Né 3:1-32 pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. 3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. 4 Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.

5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.

6 Jésus te l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l "Èske ou ta renmen geri?"

7 Mesye malad la te reponn Li: "Mesye, mwen pa gen moun pou mete m 5:7 Jn 5:4nan dlo a l vire, men m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m."

8 Jésus te di l 5:8 Mat 9:6"Leve, pran kabann ou, epi mache!"

9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. 5:9 Jn 9:14Jou sa a se te jou Saba.

Veja também