21 Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou 5:21 Wo 4:17bay yo lavi, menm jan an 5:21 Jn 11:25Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
22 "Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men 5:22 Jn 5:27Li te bay tout jijman a Fis la, 23 Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. 5:23 Luc 10:16Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
24 "Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi 5:24 Jn 12:44kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi 5:24 Jn 3:18pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25 "Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè 5:25 Luc 15:24mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi 5:25 Jn 6:60sa yo ki tande ap viv.
26 "Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an 5:26 Jn 1:4Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27 Li te bay Li otorite pou 5:27 Jn 9:39egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
28 "Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè 5:28 Jn 11:24tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29 epi ap vin parèt. 5:29 Dan 12:2Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
30 "Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi 5:30 Jn 8:16jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men 5:30 Jn 4:34volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
31 5:31 Jn 8:14 "Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè.