6 Li t ap di L sa pou 6:6 II Kor 13:5sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.
7 Philippe te reponn Li: "Fòs pen pou 6:7 Mc 6:37desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso."
8 Youn nan disip yo, 6:8 Jn 1:40André, frè a Simon Pierre te di L: 9 "Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk 6:9 Jn 6:11de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?"
10 Jésus te di: "Fè moun yo chita."
Te gen 6:10 Mc 6:39anpil zèb nan plas sa a. Epi anviwon 6:10 Mat 14:21senk-mil moun te chita.
11 Konsa, Jésus te pran pen yo epi 6:11 Mat 15:36aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
12 Lè yo te plen, Li te di a 6:12 Jn 2:2disip Li yo, "Ranmase tout mòso ki rete yo pou anyen pa pèdi."
13 Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz 6:13 Mat 14:20panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.