14 Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.
15 Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di "Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?"
16 Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: "Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17 "Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18 Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.