1 Apre bagay sa yo, Jésus 7:1 Jn 4:3t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo 7:1 Jn 5:18t ap chache pou touye L.
2 Koulye a, fèt a Jwif yo, 7:2 Lev 23:34Fèt Tonèl yo, t ap pwoche. 3 7:3 Mat 12:46Frè Li yo te di L: "Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo. 4 Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout monn lan." 5 Paske menm 7:5 Mat 12:46frè Li yo pa t kwè nan Li.
6 Pou sa, Jésus te di yo: 7:6 Mat 26:18"Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.
7 7:7 Jn 15:18 "Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke 7:7 Jn 3:19zèv li yo mechan.
8 "Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske 7:8 Jn 7:6lè Mwen poko fin acheve." 9 Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.
10 Men lè 7:10 Mat 12:46frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.
11 Konsa, Jwif yo 7:11 Jn 11:56t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: "Kote Li ye?"
12 Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. 7:12 Jn 7:40-43Kèk t ap di: "Li se yon bon moun." Lòt t ap di: "Non, okontrè l ap egare moun yo." 13 Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske 7:13 Jn 9:22yo te pè Jwif yo.
14 Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse 7:14 Mat 26:55ansegne.
15 Pou sa, 7:15 Jn 1:19Jwif yo te etone, e t ap di "Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?"
16 Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: 7:16 Jn 3:11"Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17 7:17 Sòm 25:9-14 "Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18 Sila ki pale pou kont li 7:18 Jn 5:41chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
19 7:19 Jn 1:17 "Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap 7:19 Mc 11:18chache touye M?"
20 Foul la te reponn Li: 7:20 Mat 11:8"Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?"
21 Jésus te reponn yo e te di: "Mwen te fè 7:21 Jn 5:2-16yon sèl zèv, e nou tout etone.
22 "Sou kont sila a, 7:22 Lev 12:3Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan 7:22 Jen 17:1papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 23 7:23 Mat 12:2Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
24 "Pa 7:24 Lev 19:15jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis."
25 Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: "Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a? 26 Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. 7:26 Luc 23:13Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La? 27 Men 7:27 Jn 6:42nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti."
28 Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: "Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. 7:28 Jn 8:42Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an. 29 Mwen konnen Li paske Mwen 7:29 Jn 6:46 sòti nan Li, e 7:29 Jn 3:17 Li te voye M."
30 E yo 7:30 Mat 21:46t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.
31 Men 7:31 Jn 2:23anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: "Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis 7:31 Jn 2:11sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?"
32 Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye 7:32 Mat 26:58ofisye yo pou sezi Li.
33 Pou sa, Jésus te di: 7:33 Jn 12:35"Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan. 34 7:34 Jn 7:36Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini."
35 Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: "Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale 7:35 Sòm 147:2nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo? 36 Kisa li t ap di la a: 7:36 Jn 7:34‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?"
37 Nan 7:37 Lev 23:36dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: "Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38 Sila ki kwè nan Mwen, 7:38 És 44:3tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’" 39 Men sa, Li te pale 7:39 Jl 2:28konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
40 Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: "Vrèman, sa se 7:40 Mat 21:11pwofèt la."
41 Lòt t ap di: "Sa se Kris la". Men toujou lòt t ap di: 7:41 Jn 1:46"Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée! 42 Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti 7:42 Sòm 89:4nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?"
43 Konsa, te gen yon 7:43 Jn 9:16divizyon nan foul la akoz Li. 44 7:44 Jn 7:30Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.
45 Konsa, 7:45 Jn 7:32ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: "Poukisa nou pa t mennen Li?"
46 Ofisye yo te reponn: 7:46 Mat 7:28"Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale."
47 Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: 7:47 Jn 7:12"Èske Li gen tan egare nou menm tou? 48 Èske gen pami 7:48 Luc 23:13gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li? 49 Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon."
50 7:50 Jn 3:1 Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo: 51 7:51 Egz 23:1"Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?"
52 Yo te reponn li e te di: 7:52 Jn 1:46"Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzaminen Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée." 53 E tout moun ale lakay yo.