34 Marie te di a zanj lan: "Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?"
35 Zanj lan te reponn. Li te di li: "Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye."
38 Marie te di li: "Men gade, sèvant-dedike a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou." Konsa, zanj lan te kite li.