Pular para o conteúdo
Publicidade

Lucas 1

67 Papa li, Zacharie, 1:67 Luc 1:41ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:

68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

paske li vizite nou,

Li te acheve 1:68 Luc 2:38redanmsyon pou pèp Li a.

69 Li te leve yon 1:69 I Sam 2:1-10kòn sali pou nou

lakay David la, sèvitè Li a.

70 1:70 Wo 1:2 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

71 Delivrans sou 1:71 Sòm 106:10lènmi nou yo,

ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;

72 pou montre mizerikòd zansèt nou yo,

1:72 Sòm 105:8-42 e pou sonje akò sen Li an,

73 1:73 Jen 22:16 Sèman ke Li te a Abraham, zansèt nou an,

74 pou pèmèt ke nou menm,

ki te delivre nan men lènmi nou yo,

ta kapab sèvi Li san krent,

75 1:75 Ef 4:24 nan sentete ak ladwati devan Li,

pandan tout jou nou yo.

76 Epi ou menm pitit, ou va rele

pwofèt a Pi Wo a;

paske ou va ale 1:76 Mal 3:1devan Senyè a,

pou prepare chemen Li an;

77 pou bay pèp Li a konesans a sali a,

1:77 Jr 31:34 pou padon peche pa yo.

78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an,

1:78 Mal 4:2 k ap Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.

79 1:79 És 9:2 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo

ak nan lonbraj lanmò a,

pou gide pye nou nan chemen lapè a.

Veja também