30 Jésus te reponn e te di: "Yon sèten mesye t ap 10:30 Luc 18:31desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.
31 "Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.
32 "Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.
33 "Men yon sèten 10:33 Mat 10:5Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
36 "Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?"
37 Li te reponn: "Sila ki te gen konpasyon pou li a." Konsa Jésus te di l: "Ale fè menm bagay la".