15 Answit Li te di yo: 12:15 I Tim 6:6-10"Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede."
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: "Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil."
17 "Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 "Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: 12:19 Ekl 11:9‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’"
20 "Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, 12:20 Job 27:8 nanm ou ap rachte de ou; e 12:20 Sòm 39:6koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 "Konsa se mesye la ki 12:21 Luc 12:33 ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye."