Publicidade

Lucas 14

1 Li te rive ke L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.

2 Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi anfle.

3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: "Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?"

4 Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.

5 Li te di yo: "Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?"

6 Epi yo pa t kapab reponn sa menm.

7 Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, L te jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo: 8 "nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la. 9 Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: Bay plas ou a nonm sila a, e answit akgwo wont, w ap vin okipe dènye plas la.

10 "Men, nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: Zanmi vin pi devan. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.

11 "Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve."

12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: "w ap yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.

13 "Men w ap yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo."

15 youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: "Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!"

16 Men Li te di li: "Yonmesye t ap yon gwo bankè, e li te envite anpil moun. 17 Nan bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: Vini! Tout bagay pare koulye a.

18 "Men yo tout ansanm te kòmanse eskiz.

"Premye a te di li: Mwen achte yon mòso , e Mwen bezwen ale l. Silvouplè, eskize mwen.

19 "Yon lòt te di: Mwen fenk achte senk bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.

20 "Epi Yon lòt te di: Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.

21 "Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.

22 "Konsa, esklav la te di: "Mèt, sa ou te mande gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.

23 "Mèt la te di a esklav la: Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen. 24 Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an."

25 Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo: 26 "Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, , wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.

28 "Paske kilès nan nou li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou si li gen kont mwayen pou fin l? 29 Otreman, l fin fondasyon an, e li p ap kab fin l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30 Yo va di: Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.

31 "Oubyen ki wa, li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabò kalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil? 32 Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou lapè.

33 "Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa renonse ak tout sa li posede.

34 "Konsa, sèl la bon; men si menm sèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l. 35 Li initil ni pou a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-28_14-13-17-