Pular para o conteúdo
Publicidade

Luc 15

11 Ankò li di: "Yon sèten mesye te gen de fis; 12 Pi jenn nan te di a papa li: Papa, ban m15:12 Det 21:17pati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.Donk, li te15:12 Luc 15:30divize byen li pami yo.

13 "Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch. 14 Alò, l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen. 15 Donk, li te ale anplwaye tèt li a yon sitwayen nan peyi sila a, e li te voye li nan chan an pou bay kochon yo manje. 16 Epi li te anvi plen vant li avèk po kochon yo t ap manje yo, e pèsòn pa t bay li anyen.

17 "Men li te vin reflechi byen, li te di: Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale papa m, e mwen va di l: Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. m tankou youn nan anplwaye ou yo. 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

"Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri 15:20 Jen 45:14 anbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.

22 "Men papa a te di a esklav li yo: vit pote 15:22 Za 3:4 pi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e 15:22 Jen 41:42 mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an te15:24 Mat 8:22mouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.Epi yo te kòmanse fèt la.

25 "Alò, pi gran fis la te nan chan an. li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse. 26 Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.

27 "Li te di li: Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.

28 "Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.

29 "Men li te reponn e te di a papa l: "Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fèt avèk zami mwen yo. 30 Men fis sila a te vini, li menm ki devore15:30 Pwov 29:3byen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.

31 "Papa a te di l: Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou. 32 Men nou te dwe fèt, e rejwi, paske frè ou sa a15:32 Luc 15:24te mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também