20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
"Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri 15:20 Jen 45:14 anbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
22 "Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit pote 15:22 Za 3:4 pi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e 15:22 Jen 41:42 mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt.