19 "Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
20 "Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare te 16:20 Trav 3:2 kouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
22 "Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan sen 16:22 Jn 1:18 Abraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nan16:23 Mat 11:23plas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24 Li te kriye fò, e te di: 16:24 Luc 3:8‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan 16:24 Mat 25:41flanm sa a.
25 "Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi 16:25 Luc 6:14 ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
27 "Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab 16:28 Trav 2:40avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
29 "Men Abraham te di: ‘Yo gen 16:29 Luc 4:17 Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30 "Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’ 16:30 Luc 3:8
31 "Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.