26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
27 "Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab 16:28 Trav 2:40avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
29 "Men Abraham te di: ‘Yo gen 16:29 Luc 4:17 Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30 "Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’ 16:30 Luc 3:8
31 "Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.