11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, 17:11 Luc 9:52Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.
12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te 17:12 Lev 13:45kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: "Jésus, 17:13 Luc 5:5Mèt, fè nou gras!"
14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: 17:14 Lev 14:1-32"Ale montre nou menm a prèt yo." Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.
15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te 17:15 Mat 9:8bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.
17 Jésus te reponn e te di: "Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen pou17:18 Mat 9:8bay glwa a Bondye sof etranje sila a?" 19 Epi Li te di li: "Leve al fè wout ou. 17:19 Mat 9:22Lafwa ou geri ou."