Publicidade

Lucas 17

14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: "Ale montre nou menm a prèt yo." Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

17 Jésus te reponn e te di: "Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?" 19 Epi Li te di li: "Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-