9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te18:9 Luc 16:15 kwè nan tèt yo ke yo te jis, e18:9 Wo 14:3,10te gade lòt yo kòm piba. 10 "De mesye18:10 I Wa 10:5te monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 "Farizyen an te 18:11 Mat 6:5 kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwen18:12 Luc 11:42peye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, e18:13 Esd 9:6pa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men li18:13 Luc 23:48t ap bat lestomak li, e t ap di: "Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 "Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske 18:14 Mat 23:12 nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve."