Pular para o conteúdo
Publicidade

Lucas 19

1 Li te 19:1 Luc 18:35antre Jéricho e t ap travèse.

2 La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich. 3 Zachée t ap efò pou ta kab kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay. 4 Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki rele19:4 I Wa 10:27sikomò pou l ta kapab Li, paske Li te gen pou pase pa la.

5 Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: "Zachée, vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou."

6 Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.

7 yo te sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: "Li vin rete lakay a yon pechè."

8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: "Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt 19:8 Egz 22:1kat fwa sa."

9 Jésus te di li: "Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se 19:9 Luc 3:8yon fis Abraham. 10 Paske 19:10 Mat 18:11Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi."

Veja também